Tibebe a nan premye semèn li nan lavi a

Tibebe

Manman an ak tibebe a rantre nan lakay la! Se pou yo fete vini yo nan fanmiy lan ak nan kominote a :

O bondye, tout kominote a di w mèsi pou kado lavi a.

Se pou timoun sa kapab yon senbòl prezans bondye.

Se pou li grandi gras ak lèt manman l.

Nan konesans lanmoun bondye ak pwochen nou yo.

Se pou paran li ba l ekzamp la fwa

Epi edike l nan pawòl bondye.

Se pou la pè, byen, lanmou ak tandrès abite nan kè l. Amèn.

Paran yo gen pou responsabilte aksepte avèk lanmou travay okipe epi edike pitit yo. Yo dwe fè l dapre koutim yo, sa yo kwè ki bon ak lafwa yo.

Pi bèl temwanyaj la fwa paran yo ka bay, se prezante timoun nan bay kominote kretyen yo. Nan fanmi katolik yo, batèm nan se siy pou montre yon moun antre nan kominote pitit bondye a.