Fegondasyon

 Fegondasyon

Pou yon tibebe fèt fòk gen yon espèmatozoyid ki jwenn avèk yon ovil. Lè de selil sa yo rankontre, yo fòme yon ze (zigot), ki se premye selil tibebe a. Depi nan moman sa se yon lot moun ki fòme.

Ovil la fegonde aprè anviwon de semèn avan règ yo vini. Twa semèn aprè fi a fin ansent, kè timoun nan kòmanse ap bat nan vant manman an. Nan moman sa, gen anpil fi ki pa konnen si yo ansent, paske se sèlman yon semèn reta règ yo genyen.

Tibebe a grandi chak jou pandan 40 semèn ki egal a nèf (9) mwa yon fi pote tibebe nan vant li. Pandan gwosès la, fanm nan dwe fè anpil atansyon ak sa lap manje pou li ka toujou an sante.