Setyèm, uityèm ak nevyèm mwa gwosès 

Sou setyèm mwa gwosès la, tibebe a deja mezire preske 40 santimèt epi li peze plis pase yon kilo. Sèvo li vin pi gwo, li kapab santi doulè epi wè gwo limyè lè limye sa yo touprè vant manman li.

A pati uityèm mwa gwosès la, espas kote tibebe a ye a komanse twò piti pou li, an jeneral li al mete tèt li anba pou li prepare pou l soti nan moman akouchman an. Lè li fè sa li ogmante presyon sou blad pipi manman an ki pral anvi fè pipi pi souvan.

Nan dènye mwa gwosès la, pwa tibebe a preske rive nan twa kilo ak twa san gram (3,300 gram) epi wotè li varye ant 48 ak 52 santimèt selon sèks li.

Li bon pou paran yo pale ak tibebe a sou sa yo santi paske kounye a lè akouchman an preske rive. Se sa ki pral kreye yon relasyon lanmou ak tibebe a epi ki pral rann relasyon ant timoun nan ak paran li vin pi fò aprè li fin fèt.

Ajan, nan dènye mwa sa yo, tibebe a ap pran 2 kilo konsa, ki vle di pi gwo pati nan pwa lap genyen lè li fèt. Kidonk, li enpòtan pou manman an pran anpil pwa tou pandan dènye mwa gwosès la.